Nòt sa a se kesyon m’ poze tèt mwen aprè m te fi n’ founi je gade yon videyo kote yon lobo pete ant yon jèn fanm ak yon gwoup jèn gason. Zen an fini ak yon bilan kote jèn fi an ta manke pèdi lavi l sou kabann lopital. Men sa ki atire atansyon m, se dimansyon èspektak lobo a. Plis pase yon dizèn moun kanpe ap gade takou se yon “ring” san konte sa ki wete telefòn nan pòch filme. Mwen sitou anvi konprann, chèche nan bon timamit, ki sans lobo sa a degaje sosyolojikman palan?
Mete nou dakò, pou m ekri nòt britsoukou sa a, mwen adòpte yon posti pliridisiplinè. Nòt la ap deplotonnen nan twa moman: nan premye a n’ap founi je gade koman sikoloji, patikilyèman sikoloji klinik ka ride n konprann mòd èspatak sa yo nan yon sosyete plen ekran. Nan yon dezyèm tan, n’ap founi je gade dinamik entèn sosyete ayisyèn lan padan n’ap mete l an dyalòg avèk konsèp “anomie”. N’ap pwofite nan menm pati sa montre koman fenomèn bwakale a se yon fenomèn antye nan kwazman l avèk fenomèn mwen rele “sosyete plen ekran” banalize lavi epi pouri sosyete a.
Sosyete plen ekran ak banalizasyon vyolans
Vyolans te toujou prezan nan divès moman lavi “sosyete” yo. Men nou ka mete n’ dakò pwoliferasyon ekran yo,pèmèt nou konsome sèn vyolans yo ak plis dousè. Mwen anvi postile, moun k’ap gade a devlope yon lòt rapò ak sèn vyolans yo. Sèn vyolans yo se èspektak. Gade l konsa fè nou fè yon premye ipotèz. Moun yo lè y’ap gade sèn vyolans yo, kit reyèl kit vityèl, se nan yon rapò divètisman yo ye. Yon pati nan ipotèz mwen an fè eko ak yon rale sabine Duflo fè sou vyolans nan sinema. Li di “dans un film la violence devient un spectacle, une distraction”. Sa vle di genyen gwo re-juisans devan zak brital yon kretyen vivan ta ka ap sibi anba men yon lòt. Sikològ klinisyèn lan avanse yon gwo bout konsekans pratik sa a : “à force de regarder, nos capacité de réaction diminuent. Ainsi, je vois quelqu’un se fait agresser dans la rue au lieu d’intervenir, je filme”. Yon bon zanmi mwen te genyen yon konvèsasyon avè l di kè pwoblèm lan se paske endividi yo pa rive fè yon disosiyasyon ant rayalite a ak sa yo ap founi je gade nan ekran. Kesyon mwen an sansse twouve yon premye eleman repons. Men bon, mwen panse pwoblèm lan plis konplèks pase sa.
Nan ka pa sosyete Ayisyèn lan, nou ta ka mande eske fenomèn ekran an travay moun yo jouk diminye sansiblite kay yo w byen sosyete a nan li menm menm, nan dinamik entèn li fasilite yon èskadwon lanmò? Pwoblematik la charye yon binarite ki poze pwoblèm. Li pa oblije youn oswa yon lòt. Mwen fè yon dezyèm ipotèz : fenomèn ekran an marande ak dinamik entèn sosyete ayisyèn lan eksplike banalizasyon lavi andedan sosyete a.
Radyografi vyolans ki chita nan dinamik entèn sosyete ayisyèn lan
“Anomie” se youn nan konsèp ki ka byen ride n konprann sosyete ayisyèn lan nan globalite l. Jacky Buju ak Mirjan de Brijin repran konsèp Durkheim lan di selon yo menm “anomie” an se “au sens large comme caracteristique d’une situation où le système normatif global tout ou partie perd sa légitimité , de sa rigueur et de son efficacité” manyè otè yo sezi oubyen reyapwopriye konsèp la tonbe daplon epi bay yon bon ekleraj sou sitiyasyon kritik Ayiti a. Jodi a lòd piblik la an Ayiti chita sou yon pakèt wòch dife miwomiba. Yon sitiyasyon dife volan k’ap anvlimen chak jou pi plis.
Vyolans sistemik, vyolans senbolik…
Leta an Ayiti menm deplotonnen vyolans atravè pratik enjistis sosyal sou pi gwo majorite sosyete a. Mekanism vyolans sa kareman bloke posiblite entegrasyon yon laj pòsyon moun an menm tan efase posiblite mobilite sosyal moun k’ap viv ak yon minimòm vital. Nou klè, bò kote Leta se yon pratik rasyonèl sa vle di byen kalkile pou jere ak kontwole lavi andedan sosyete a. Lè nou byen gade, se dinamik Leta a menm ki kreye kondisyon “yig yang” nan mitan sitwayen yo. Yon lòt fason, mòd Leta pouryanis sa (yon pouryanis k’ap regle koze l sèlman) anpwazone viv ansanm paske li pa bay lavi yon plas enpòtan nan politik li yo. Vyolans sistemik la patisipe nan kreye gwo disparite, eksklizyon, diskriminasyon ak èstigmatizasyon andedan sosyete. Nan sans sa, nou fas a yon sosyete mèch tranpe nan gaz kote nenpòt ti entèsèl ka ensandye l. Souvan, sèn vyolans yo kit se alega lòd piblik kit se alega yon endividi kapab se ekpresyon foustrasyon soyal ki mal kanalize. Yon lòt kote, lè yo miltipliye, ka tradui defayans enstitisyon sosyal yo ki ta genyen kòm fonksyon eritaj bon lizay ak bon konduit. Anplis, nou konnen nivo pouriti enstitisyon jidisyè a pa ride sanksyon byen distribiye pou ta kreye laperèz kay moun ki gen pouse pou fè maledve ak lijanboje nan sosyete a, revoke lavi, krache sou diyite kategori yo èstime ki dwe obeyi ak tout vye pilsyon yo (fanm, timoun, pèyizan…).
Bwakale yon pratik banalizasyon lavi ki pa san konsekans
Pratik bwakale a se yon pratik kote wete lavi sanse nòmalize. Jeneralman sèn bwakale yo aplodi, filme epi medyatize. Nou ka mete n dakò, fenomèn sila kadre ak sa yo rele vanjans popilè a. Pratik sa yo kole nan tout istoryografi sosyete ayisyèn lan. Yo pran divès non (pa egzanp pè lebren), divès kategori apropriye pratik yo men li rete menm. Bwakale a ka tradui ekspresyon deklen sosyete a, deklen lajitis ki se enstitisyon ki la pou distribiye sanksyon. Vanjans ak lajistis pa menm kichòy. “La justice, dans son sens idéal, vise à rétablir l’ordre et l’équité en appliquant des sanctions proportionnelles aux infractions”(otè anonim). Pi devan otè a presize “la vengeance est souvent guidée par des émotions personnelles et une quête de satisfaction personnelle”. Vanjans popilè, sanble depase kad satisfasyon pèsonèl, li ta kapab plis sanble satisfè yon foul, yon gwoup moun ki estime yon dwe fè yon moun peye tò yo fè sosyete a. Li klè pratik bwakale a se yon pwatik banalizasyon lavi ki anrasinen nan yon pratik mizamò ki plis jeneral nan sosyete a patikilyèman nan rapò politik yo. Reyalite èspektakilè pratik bwakale a charye a kontribiye nan travay emosyon endividi yo. Nou ta ka di, pratik la siksesib pou li sibi glisman ki pat kalkile avan: apwopriyasyon menm metòd nan divès reglemankont. Antouka, pratik bwakale a, se yon pratik ki charye yon lo diskriminasyon sou ki kote w abite, ki koulè po w, ki fòm tèt w. Se repwodiksyon degouden-senkantkòb diskriminasyon ki chita nan nannan sosyete a. M’ap retounen nan yon lòt nòt pou m apwofondi fenomèn bwakale a.
Li klè, fenomèn ekran jis konplete pratik vyolans ki tabli l depi tipoul potko fè dan nan nannan sosyete a. Li mete vyolans yo sou yon pyedestal èspektak ki depase espas reyèl la. Presizyon sa enpotan paske, lobo yo ta sanble te toujou espektak, patikilyèman lobo ki mete ansèn gason k’ap britalize fanm. Nan yon tit enpotan “deblozay” Belo fè yon naratif enpòtan yon sèten Loran ki mare goumen ak madanm li: “ moun kanpe sou deran gen sa k’ap griyen dan, èskandal piblik lari te gentan bloke”. Pasaj sa eksplike klèman koman gwo batay ant fanm ak gason se bèl èspektak pou moun pwofite griyen dan andedan yon sosyete kote sistèm edikatif la preske bèbè sou reyalite kodidyen moun, sou vyolans konjigal, sou pratik maltrete fanm, tizonay elat… Brèf, yon lòt kote, nou asiste tout yon dividal vyolans òdinè ki rete anba kase fèy kouvri sa ki prèt pou lejitime pita gwo zak vyolans paske entitisyon yo pa t janm frennen yo.
Konklizyon
Pou m fini nòt sa, m’ap souliye Guy Debord ki eksplore nan liv li ki rele “la société du spectacle” kòman reyalite a degrade nan èspektak, li di “la société contemporaine est caractérisée par une transformation profonde de la réalité, qui est devenue une simple représentation, un spectacle à consommer”. Nou dwe souliye tou, lide kanpe gade epi filme lobo a sanble genyen yon kalkil ekonomik. Imaj yo se gwo machandiz ki pi devan kapab ekspoze sou rezososyo yo pou moun ka wè. Genyen tout yon ekonomi nan wè (views), nan konsome menm kontni ki ta parèt demounizan. Gwo bout chanjman sosyal sa pa rete san konsekans. Otè a presize :
“Cette dégradation de la réalité en spectacle a des conséquences profondes sur la société. Les individus deviennent passifs, spectateurs de leur propre vie, absorbés par la consommation et la recherche du divertissement. Les relations humaines se transforment en relations marchandes, où chacun est réduit à son rôle de consommateur. Les véritables échanges et les moments d’authenticité sont remplacés par des simulacres, des représentations vides de sens”.
Grégory PIERRE
Sosyològ